CULTURE

Lèt tou louvri pou papa manchon ayisyen an, Jan-Jak Desalin

Par Fritz-Hériol Mitial

20 sektanm 2022

Bonjou, bonswa papa Desalin !
Ochan pou ou papa Desalin!
Limyè etènèl pou ou papa Desalin !

Tankou chak moun sou tè a, ou te fèt yon jou: 20 sektanm 1758. Istoryen yo pa fin sèten sou dat nesans ou, men anpil nan yo mete yo dakò sou dat 20 sektanm 1758 la.

Sa k sèten, ou te fèt yon jou, ou te viv yon tan, Loksidan kretyen fransè te mete w nan lesklavaj. Sa k sèten, ou te kraze sistèm esklavajis, kolonyalis ak rasis Blan fransè yo te enstale sou bout tè n ap trennen kwa lavi nou jounen jodya. Sa k sèten, ou se papa Nasyon ayisyen an, ou se fondatè Leta ayisyen an. Sa k sèten, ou te ban nou libète ak endepandans.

Nan gran jou sila, jou fèt ou an, jou espesyal sila, mwen mete m ajenou, mwen limen balèn, mwen vide kafe ak kleren nan mouda pye palmis libète 1804 la, mwen jete dlo, mwen bat tanbou, mwen jwe mizik, mwen souke tchatcha, mwen sonnen ason, mwen kònen lanbi, mwen chante pou m ka selebre, salouwe epi beni moman ou te fè aparisyon w sou tè a, nan mond lan. Se pi gran jou, jou nesans ou, yon jou diven, yon jou inoubliyab.

Ochan pou ou, papa Desalin ! Limyè etènèl pou ou, papa Desalin !

Sou tè a, ou pat yon senp moun, ou te yon revolisyonè, yon èt diven, sovè ras nwa a. Ou te sakrifye vi w pou Nwa yo te ka viv nan byennèt ak diyite toupatou sou tè a. Ou te reyabilite nou nan mounite nou, epi nan dwa ak diyite nou.

Ochan pou ou, papa Desalin ! Limyè etènèl pou ou, papa Desalin !

Pa gen Moun nan istwa mond lan ki rive fè sa w fè. Sa w fè eksepsyonèl, enkonparab. Sa w fè depase imajinasyon ak antandman limanite. Sa w fè se sa bon Dye fè, sa pèsonn pat fè avan w, sa pèsonn pap janm fè aprè w. Ou fonde yon nouvo egregò rasyal. Ou kraze yon sistèm satanik mondyal. Ou envante libète, egalite ak fratènite pou tout moun sou tè a. Ou revolisyone yon òd mondyal esklavajis, kolonyalis ak rasis pou fonde yon imanism inivèsèl. Se pi gwo envansyon istwa limanite janm konnen.

Lire aussi:  Haïti-Etats-Unis/ Sécurité : La tête de Vitelhomme Innocent mise à prix pour un (1) million de dollars

Ochan pou ou papa Desalin ! Limyè etènèl pou ou papa Desalin ! Chapo ba pou jeni w ak divinite w papa Desalin !

Zèv ou se zèv bon Dye, men zèv anpil nan nou se zèv Satan. Anpil nan nou se trèt, se konze, se abolotcho, se reyaksyonè, se krazèd Peyi, se kolon entèn, se tchoul Blan, se ti vizye, ti vòlè, ti lespri. Anpil nan nou trayi vizyon w ak ideyal ou pou Ayiti ak Ayisyen. Anpil nan nou ipoteke endepandans ak souverènte Peyi natal nou pou kèk ti anvantaj mesken. Anpil nan nou krache sou diyite frè n ak sè nou pou fè nouvo kolon blan plezi.

Wi, papa Desalin, anpil nan nou se grapyay, se kokorat, se nen frèt. Anpil nan nou manje rès Blan rèd rèd. Nou ajenouye nan pye Blan rèd rèd. Nou ranpe devan Blan rèd rèd. Nou bese tèt devan Blan rèd rèd. Nou niche mouda Blan rèd rèd.

Wi, papa Desalin, anpil nan nou pran Blan pou bon Dye. Depi Blan pale, anpil nan nou toujou kouri dakò san dezakò. Blan zonbifye anpil nan nou papa Desalin. Li rele nan tèt anpil nan nou lè l vle, li krache nan figi anpil nan nou lè l vle, li bat anpil nan nou lè l vle.

Wi, papa Desalin, depi yo fin asasine w, yo remèt tout kontwòl Ayiti bay mouche Blan. Se mouche Blan ki Koupe rache pa bò isit. Se li ki nome Prezidan, premye Minis, direktè jeneral Lapolis, Senatè, Depite, sekretè deta ak direktè jeneral. Se li ki nome direktè bank santral, se li ki defini politik ekonomik, sosyal, diplomatik ak kiltirèl pou Patri w la. Se mouche Blan, wi mouche Blan mannan, ki kontwole edikasyon nasyonal Peyi Dayiti, se li ki defini bidjè PNH la, bidjè elektoral pa bò isit.

Papa Desalin, nan jou fèt ou a, m pa ka di w plis, m pa ka fè w kriye, m pap di w plis pou w pa regrèt ou te bay vi w pou nou. Yon lòt fwa n a pale plis.

Byen fete, papa Desalin. Ochan pou ou ! Limyè etènèl pou ou !

Lavil Okan, Nòdwès, Ayiti, 20 sektanm 2022.

Partagez l'info

Laisser un commentaire

Bouton retour en haut de la page

En savoir plus sur LA QUESTION NEWS

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading