ACTUALITES

POZISYON KRITIK “MERCIH” SOU SAK PASE LEKÒL YO NAN JEREMI (GRANDANS)

” LEKÒL LA KONTINYE AP BENYEN NAN MATYÈ FÈKAL”
Papa sosyoloji a, ÉMILE DURKEIN di: « LEVASYON se zouti ki toujou mete 2 jenerasyon babpoubab,Granmoun yo ak TiJèn yo; men se Granmoun yo ki dwe sèl enfliyansè Tijèn yo ».
Depi nan tan koloni, pase sou anpil lòt Gouvènman aprè endepandans, nou menm AYISYEN pa janm rive rache moso pen enstriksyon ak Levasyon nan men nouvo kolon yo. Yon Pèp kote enstriksyon l ak Levasyon l pa nan men l ap toujou nan goumen pou l chache idantite l.
Se kisa ki dwe fèt jounen jodi?
Lè n gade lavèy Fèt komemorasyon lanmò Anperè JAK 1er, diranjan peyin vle al komemore dat sa aletranje. Yo kontinye ap asasinen memwa nou, memwa timoun YO jis pou n ka gen yon Jenerasyon san NANM , san MEMWA, san KILTI demen. Lè n gade anndan Grandans nan komin JEREMI, kijan nèg ak fanm ki gen Matyè Fekal nan men yo, nan tèt yo kòm fòs fènwa kontinye ap asasinen, yo vle menm etèn ti limyè nèg ak fanm ki gen Matyè Griz nan tèt yo.
Kiyès, kisa ki anpeche nou pran enstriksyon ak edikasyon pèp sa a oserye?
Kilè nap gen yon politik piblik ki pa chita sou presyon ak sansasyon? Jusqu’à quand nous aurons des leaders qui ne sont pas des envoyés des amis de l’occident ou des bourreaux de chez nous…?
Lè n gade lavèy Fèt komemorasyon lanmò Anperè JAK 1er, kote pou lekòl anndan GRANDANS espesyalman nan JEREMI ta ap reflechi ak timoun yo sou zak asasinay sa a , zak ki te rive kraze tout yon sistèm ki tap louvri pòt chanjman men yon lòt fwa ankò nèg ak fanm ki apèn konn li yo pa vle timoun nou yo konn sa ki te rive vrèman nan listwa peyi yo, yo pa vle yo konprann pou yo ka toujou rete enkonsyan menm jan ak yo. Nou konnen pratik badijonnay ak Matyè Fekal la, ekspè ayisyen sa yo soti lwen ak li. Nou sonje li te fè yon ti pase nan Palman Ayisyen an, men jounen jodi lal ateri nan JEREMI, hmmmmmm.
Pa bay tèt nou manti se pa nan peyi EJIP nou ye, se pa san ANYO ki pase nan baryè ak nan mi lekòl pou pwoteje timoun yo kont soudevlopman, men pito Matyè Fekal (a a) ki pou touye rèv yon pakèt bann adolesan ak adolesant ki dakò se lekòl ki pou montre yo chimen LASYANS.

Lire aussi:  Pétion-Ville/Justice populaire : L'opération "Bwa kale" fait au moins cinq (5) nouvelles victimes dans le camp des présumés bandits

Lèn konnen ki Batay politik degrenngòch kap fèt, ki kòmanse mennen anndan GRANDANS kote plizyè aktè, sektè politik ak detraktè sa yo toujou kreye move kondisyon pou n pa distrè nou, epi yap distrè nou ak tout vye kozri jouk nou distrè. Kote yo pa janm fè anyen pou gen bonjan lekòl ak Inivèsite anndan GRANDANS, yo toujou ap itilize ti rès lekòl ki rete a pou regle zafè politik yo, jounen jodi a kou sa a pap pase, pa kite yo distrè nou, nou pap distrè Grandanslè-Grandanslèz parèy mwen yo…

Boutofen, Sekretarya Nasyonal PATI POLITIK MERCIH pwofite moman sa a pou l koube l byen ba devan kouraj tout sektè ki ap goumen pou bonjan Levasyon anndan GRANDANS, espesyalman lekòl sa yo ki frape jounen jodia anba zak kraponnay sa a, pou yo ka fèn fè bak sou misyon ak vizyon nou genyen pou kreye yon lòt klas moun nan Depatman an.
 » Moun ki vle pran KONSYANS pou yo fè LASYANS poun ka soti anba Moun san SYANS, san SANS ak san KONSYANS sa yo ». Li fèt, Jeremi, Gradans, jounen 16 Otòb 2023

Professeur James COLMÉ
Sekretè Jeneral a.i.

Partagez l'info
HTML tutorial

Laisser un commentaire

Bouton retour en haut de la page

En savoir plus sur LA QUESTION NEWS

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading