AN N REFLECHI TI KRAS: Anplwa oksilyè vèbal “pral” nan konjugezon kreyòl

Oksilyè vèbal “pral” se yon eleman gramatikal ki enpoze l kazi-totalman nan sentaks kreyòl la. E souvan, nou pa menm bezwen yon vèb prensipal pou n utilize l. Pa ekzanp, an n pran fraz saa:
«Nou pral lekòl pou n aprann plante».
Nan fraz saa, nou gen 3 vèb: pral(fovp), aprann, e plante. Vèb “aprann” e “plante” a an mòd enfinitif.
Kounye a, an nou pran vèb “pral”. Li klè ke fraz la di “se lekòl nou nan wout “ale”: “ale” se vèb prensipal fraz la, avèk eleman “pr” la ki fuzyone avè l. Men ki kote eleman “pr” la soti pou vin antre la a? Ki sa l vle di?
“Pr” saa antre nan kazi-totalite vèb n ap konjuge o tan prezan:
- m PRAL nan on reunyon.
- sa Divin Majeste Wa a PRAL adrese l a nasyon an.
- atis chantè yo PRAL òganize yon gran konsè spiritīèl nan vil Jeremi.
- elt…
Nan tout fraz sayo, “pr” la semantikman enpoze l an mòd FOVP (Fuzyon Oksilyè e Vèb Prensipal) nan konjugezon vèb “ale” a, o tan prezan. Sepandan, etabli filoloji eleman “pr” saa pa vrèman fasil.
Toutfwa, m ap avanse de ipotèz:
- Eleman “PR” la, an fuzyon ak vèb “ale”, soti nan ekspresyon fransèz *peut aller”. E nan ka saa, vèb “pouvoir” la ta tradui oksilyè vèbal “ka”, dorijin kikongo (lang afrikèn): “li KA manje = il PEUT (aller) manger”. “Peut aller” vin transfòme an “prale” e “pral” atravè yon pwosesus defòmasyon nan ‘pale kotidyen’ uzaje unileng kreyòl yo.
E men dezyèm ipotèz la:
- Eleman “PR” la, an fuzyon ak vèb “ale”, soti nan ekspresyon fransèz *pour aller”. Li vin transfòme an “pwale” e “pwal” atravè yon pwosesus defòmasyon nan ‘pale kotidyen’ uzaje unileng kreyòl yo: gen anpil haitien ki pwononse l konsa “PWALE, PWAL”.
Dezyèm ipotèz la parèt fantezist, toutfwa. E wè mwen pa eseye agumante l tou. Men, etandone l flache nan panse m, se nòmal pou m mansyone l, puiske sa ka rive (ou non) li fè eko nan refleksyon yon lenguist ekspè an filoloji.
Jean Wilner Louis, Pwofesè
26112023