EDUCATION

AN N REFLECHI TI KRAS: Anplwa oksilyè vèbal « pral » nan konjugezon kreyòl

Oksilyè vèbal « pral » se yon eleman gramatikal ki enpoze l kazi-totalman nan sentaks kreyòl la. E souvan, nou pa menm bezwen yon vèb prensipal pou n utilize l. Pa ekzanp, an n pran fraz saa:

«Nou pral lekòl pou n aprann plante».

Nan fraz saa, nou gen 3 vèb: pral(fovp), aprann, e plante. Vèb « aprann » e « plante » a an mòd enfinitif.

Kounye a, an nou pran vèb « pral ». Li klè ke fraz la di « se lekòl nou nan wout « ale »: « ale » se vèb prensipal fraz la, avèk eleman « pr » la ki fuzyone avè l. Men ki kote eleman « pr » la soti pou vin antre la a? Ki sa l vle di?

« Pr » saa antre nan kazi-totalite vèb n ap konjuge o tan prezan:

  • m PRAL nan on reunyon.
  • sa Divin Majeste Wa a PRAL adrese l a nasyon an.
  • atis chantè yo PRAL òganize yon gran konsè spiritīèl nan vil Jeremi.
  • elt…

Nan tout fraz sayo, « pr » la semantikman enpoze l an mòd FOVP (Fuzyon Oksilyè e Vèb Prensipal) nan konjugezon vèb « ale » a, o tan prezan. Sepandan, etabli filoloji eleman « pr » saa pa vrèman fasil.
Toutfwa, m ap avanse de ipotèz:

  1. Eleman « PR » la, an fuzyon ak vèb « ale », soti nan ekspresyon fransèz *peut aller ». E nan ka saa, vèb « pouvoir » la ta tradui oksilyè vèbal « ka », dorijin kikongo (lang afrikèn): « li KA manje = il PEUT (aller) manger ». « Peut aller » vin transfòme an « prale » e « pral » atravè yon pwosesus defòmasyon nan ‘pale kotidyen’ uzaje unileng kreyòl yo.
Lire aussi:  Éducation/Science : Lancement de l'édition 2022 de la semaine scientifique à l'UNIFA

E men dezyèm ipotèz la:

  1. Eleman « PR » la, an fuzyon ak vèb « ale », soti nan ekspresyon fransèz *pour aller ». Li vin transfòme an « pwale » e « pwal » atravè yon pwosesus defòmasyon nan ‘pale kotidyen’ uzaje unileng kreyòl yo: gen anpil haitien ki pwononse l konsa « PWALE, PWAL ».

Dezyèm ipotèz la parèt fantezist, toutfwa. E wè mwen pa eseye agumante l tou. Men, etandone l flache nan panse m, se nòmal pou m mansyone l, puiske sa ka rive (ou non) li fè eko nan refleksyon yon lenguist ekspè an filoloji.

Jean Wilner Louis, Pwofesè
26112023

Partagez l'info
HTML tutorial

Un commentaire

Répondre à Jean Garry CantaveAnnuler la réponse.

Bouton retour en haut de la page

En savoir plus sur LA QUESTION NEWS

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading