Ede moun nan Gransid : ant solidarite, solidarite-san-senpati e fè parèt

Anviwon 2 jou aprè tranblanntè a, yon solidarite san parèy pran nesans, tout moun vle fè don ; tout gwoup wè nesesite pou ede. Mwen kontan viv ansanm sa a, m toujou panse se nan lanmou pou n retire peyi a kote l ye a. Anplis nan yon kontèks kote Leta poko ka pote èd imanitè vwa pou apui sikososyal pou moun yo. Sa pouse anpil moun mande : Poukisa sansibilite sa pat abite nou toutan ? Anpil moun mande tou: poukisa tout moun bezwen fè maraton pa l; solidarite osinon fè wè? Antouka, moun yo nan bezwen.
Samdi 14 dawout 2021, peyi a sitou depatman sid, grandans ak nip, reveye ak yon tranblanntè majè 7. 2, pi puisan pase sa 12 janvye 2010 la selon Ekspè yo (Lenouvelis, dawout 2021). Sa ki pral fè anpil moun viktim. Plis pase 1400 moun mouri, anpil kay-lekòl-legliz kraze san konte sila ki blese ak disparèt.
Jeneralman yon tranblanntè se yon katastwòf natirèl ki trennen dèyè l gwo kriz imanitè. Sitou nan yon peyi tankou pa n, anyen tankou preparasyon pa la. Lè m di preparasyon, m pap pale previzyon. Dayè, pou m reprann Jewològ ayisyen an Claude Preppetit, yon tranblanntè, pou kounye a, se yon katastwòf natirèl totalman enprevizib. Men sa pa sipoze n pa ka pare pou li. (Tranblanntè pa yon fatalite se pare pou n pare, Enjenyè C.P.). Men, konbyen bilten sismik ki pibliye ? Konbyen meri ki gen yon ògàn kontwòl – konstriksyon ? Kòman kou Jewofizik – Jewoloji yo fèt ? Ki travay sansibilizasyon ki fèt pou montre Ayiti se yon peyi ki gen anpil ris sismik ?
Mwen panse, iregilarite sa yo rann desizyon pou ale ede viktim katstwòf la pi prewokipan-entèresan. Men kijan n ap fè sa? Si sousi a se ede, poukisa n pa ka fizyone kek gwoup ? Tankou pou Tigwav: Pawas Nòtredam anonse yon kòlèkfon pou sa, nou ta ka rejwenn yo, bay pi piti sa n genyen an, nou t ap fè yon bagay ki pi siyifikatif. Fè don an pase nan yon ògàn (don òganizasyonèl) t ap prewokipan. Li t ap pi imanitè. Lè sa, moun k ap resevwa a pa t ap gen twòp redevans anvè yon moun. Menmjan moun ki te bay yo pa t ap konn kiyès yo bay vreman. Fò n raple tou, samdi swa aprè katastwòf la, Tigwav, sè okay nan domèn dimansyon fèt chanpèt, te danse ti banbòch li. Sa ki te pouse anpil moun mande : « Poukisa n pa sòti nan kilti chak koukouy klere pou je yo a; depi l pa nan kò m, li pa fè mal la ?». Rapidman, menm Tigwav sa tonbe nan kolekte fon pou ede frè ak sè n ki nan difikilte nan gransid Peyi a suit ak tranblanntè a. Solidarite osinon fè wè? Antouka, jès la apresyab. Men se pou n evite l demounizan. Se senpati ki pou kondui jès la. Sinon, n ap tonbe nan menm lo ak sa Nietzsche ta rele « Compatissant sans pudeur » a. Mwen panse, si prewokipasyon an se ede, tout moun pa oblije parèt.
Mwen wè sou plizyè platfòm, yon viv ansanm; yon solidarite; yon sansibilite san parèy k ap jèmen nan mitan nou. Solidarite vini jodi a yon konsèp enpòtan pa pou nou, men pou lemond. Gen ekrimann ki wè l tankou yon santiman-senpati ki pouse n ede yon lòt, genyen tou ki wè l tankou yon obligasyon moral pou n chèche rezoud pwoblèm enpòtan kominote nou. Nan sans sa a, m ka di: nan ede viktim yo, gen moun k ap fè solidarite genyen tou k ap fè wè. Kòman m esplike sa? Mwen suiv sou rezo sosyal yo: yon bann moun ki pral ede moun yo, ki fè foto bagay y ap pote yo; foto pa yo; pafwa foto viktim yo; ekri non yo sou èd yo epi mete yo sou tout rezo soyal yo. Eske se pa yon lòt viktim ? Gen moun ki pral ede, ki oblije enfòme m tout kote yo ye, « Okay li ye; Lazil men mwen». Fò n di: sa ka genyen yon doub enpak: nui moun w pral ede yo e/osinon envite lòt moun al fè wè tou. Men, si n ap konsidere nivo bezwen moun yo, dezyèm enpak la rezoud yon pwoblèm enpòtan-ijan (bezwen; mizè) menmsi l kreye yon lòt.
Fè don sitou nan moman katastwòf se yon jès vreman apresyab. Men don an ka pa don vre, (Kontdon) si w ap fè l pandan w ap tann yon bagay aprè: kapital sosyal, politik. Gen sila ki pare pou vin vann tèt yo nan pwoblèm moun yo. Yo san senpati pou moun yo bezwen ede yo. Kot aspè imanitè-etik don an, pou n reprann J. DERRIDA? Mwen te vle siyale majorite èd sa yo ale nan (gran) vil yo. Pandan yo neglije lòt kote yo. Poukisa solidarite sa pa manifeste pou moun nan seksyon riral yo; yo mwens touche ? Osinon fè parèt la pa ka fèt kote ki pa gen anpil moun; kote ki pa gen Fotojounalis ? Mwen panse, si sa w ap bay la siyifikatif, ou pa bezwen vann tèt w, y ap vin chèche w. W ap jwenn vizibilte a aprè, san w pa chèche l w menm.
Pou m fini, m vle raple sè m ak frè m yo, peyi a ap fè fas nan moman an ak yon pwoblèm san non. Kidonk, chenn solidarite sa nou bezwen l anpil. Sòti nan ensekirite jeneralize marande ak lanmò Prezidan defakto Jovenel MOÏSE pou tonbe nan siklòn Gras pase nan tranblanntè devastatè sa a, peyi a (sitou gransid) ap eksperimante lanfè. Kidonk, tèt ansanm lan parèt sèl altènativ. Pote kontribisyon w jan w kapab. E, pi gwo kontribisyon nou ta ka ba yo: se trete yo tankou moun; tankou nou. Sètadi, konsève DIYITE yo. Poukisa si m ede viktim yo, tout moun oblije konn sa ? Mwen pap ka ede, si m pa met sa sou tout rezo sosyal yo?
Berwhis EDOUARZIN,
gen yon fòmasyon nan syans sosyal, mansyon Jewografi e yon fòmasyon nan Sikoloji nan Inivèsite Leta Ayiti.
Tigwav, 18 dawout 2021.
Telefòn: +509 44641764/33338422.
Mèl : bedouarzin22@gmail.com