EDUCATION

Lèt tou louvri 500 nouvo pwofesè yo pou Minis Ariel Henry, Nesmy Manigat ak Patrick Boisvert

Se avèk anpil emosyon ak fristrasyon n ap voye lèt tou louvri sila bay Minis Ariel Henry,Nesmy Manigat ak Patrick Boisvert paske nou pa konn ki sen pou n rele ankò aprè 12 mwa travay san touche yon goud lesko.

N ap raple ak Minis Ariel Henry, Nesmy Manigat ak Patrick Boisvert, 500 jenn fanm ak jenn gason sila yo te chwazi sakrifye vi yo nan chita sou ban lekòl malgre jan bagay yo malouk nan peyi a nan sousi pou yo pat tonbe nan sa k pa sa. Aprè anpil goumen kote yo arete nou, yo touye nan nou, yo bat nou, gouvènman Ariel Henry an te chwazi ban nou lèt yo depi 24 janvye 2022 devan mikwo ak kamera laprès nasyonal ak emtènasyonal. N ap raple lèt sa yo te fèt ak tout avi finansye yo nan lide pou n te ka touche rapid. Men se gade nou gade jou pase mwa pase, ane ale, ane vini yon goud pa janm rive jwenn nou jis nou tonbe nan 24 janvye 2023 ki fè egzateman yon lane depi lèt yo nan men nou. Pandan 12 mwa sa yo, nou prete lajan ak enterè pou n al travay, pou n peye kay, pou n manje, pou n voye ti moun lekòl elatriye.

Mesye Minis yo san nou pa vle antre nan pèsonalite ak mete nou mal alèz devan fanmi nou, zanmi nou ak devan kominote entènasyonal la (UNESCO ak UNICEF), n ap oze poze nou kèk kesyon e nou ta byen renmen nou reponn yo sou kèk radyo nou toujou ap fè pwopagann ke n ap travay pou avansman ledikasyon :
Mesye Minis Ariel Henry (Chèf gouvènman an), Nesmy Manigat (Minis levasyon) ak Patrick Boisvert (Minis fininans) kòman nou wè tèt nou kòm otorite lè nou chwazi fè 500 jenn fanm ak jenn gason ap bourike nan sal klas pandan yon lane san bay yo yon goud lesko ?
Èske nou pa gen pitit, madanm, fanmi pou nou voye lekòl ak pran swen ?
Si nou gen madanm ak pitit èske se pa ak lajan travay nou, nou pran swen yo ak peye lekòl pou yo ?
Nou menm 500 jenn fanm ak jenn gason ki pa touche yon goud lesko pandan 12 mwa a, ak kisa nap pran swen madanm nou, tèt nou ak pitit nou ?
Mesye chèf yo kòman nou wè tèt nou devan nasyon an espesyalman elèv lise yo lè nou kite 500 jenn fanm ak jenn gason kalifye ap fè sit-in, konferans, manifestasyon tout lasent jounen poutèt 12 mwa travay nou pa peye yo ?

Lire aussi:  Concours de texte Fondation ALMA : Le nombre de votants virtuels dépasse la barre des quarante (40) mille

Kòm nou wè leta peyi nou se pouse l vle pouse do nou ale nan Biden, Larisi, Chili, Brezil ak Sendomeng pou nou ale pase tray. Men nou menm nou sèmante 7 fwa 77 fwa se nan peyi a pou n rete pou n pataje sa nou te aprann ak pitit pèp la k ap soufri nan lise yo. Nan sans sa a n ap lanse semèn 24 janvye 2023 k ap jounen entènasyonal ledikasyon an yon kokenn chenn mobilizasyon devan primati, ministè levasyon nasyonal ak ministè finans pou fòse gouvènman mechan sa a kale tout 500 jenn fanm ak jenn gason si la yo 12 mwa travay yo.
Pou otantifikasyon :

Liphanor Joseph
Honorat Tervilien
Pedith Monplaisir
Ebed Fleurima
Mirlene Saint-Phard
Dieunelson Joseph
Roosevelt Valcin
Berthony Clermont
Fanette Bernard
Amos Telemaque
Evenson Jules
Elna Etienne
Marc Pradel Jasmin
Marc Daniel Jean Louis
Camy Jean Pierre
Macarly Celermy Jr Cadet
Jackson Florida
Dieunel Dor
Onel Gustave
Stevenson Flarissaint
Berno Antoine
Jean Ronald Olyce
Robenson Coriolan
Dann Gorver Noncent
Rony Joseph
Jovany Fabrice Pierre
Ricardo Leblanc
Betsaïda Stephanie Pierre
Davidson Chaudry
Sminorff Eugene
Rimsky Nappoleon
Geralda Tout-Puissant
Wansy Desulme
John Sony Augustin
Dieumark Jean
Ivens Claude Charles
Guilson Claveus
Wishy Ben-Ony Dossou
Mickel-Ange Bien-Aime
Ilpha Justin
Jeff Michel
Josue Macon
Enock Joseph
James Bien-Aime
Jacques louis
Jean Edner Florvius
Dieuny Dume
Emmanuel Jacques Saint-Laurent
Bebitho Phaelo Jeannot
Wiguens Ducleon
Gilbertson cassignol
Widmarck Jean Simon
Widles Tanis
Emmanuel Tanis
Daniel Plymouth
Guypson Fenelon
Dielry Isaac
Yvenson Michel
Yvenette Borgela
Arnaud Lamy
Benet Cermy
Hibbart Louis Roodlin
Batzarson Sanon
Lalane Lesly
Christopher Pierre Louis
Redreen Jean
Frantzdy Velny
Marck Frantz Louis
Fadeline Fils-Aime
Guinot Rely
Geralda Louis
Nelfranc Hermilus
Blanda Metellus
Elius Fleuristal
Jean Rones Assouman
Jn Marie Jr Blanchet
Jean Herard Beaugat
Wadner Joseph
Wideline Fortune
Nathanie Pericles
Sammuel Lemy
Andieulant Bovil
Edouard Viciere
Edouard Esperance
Posperette Amilcar
Richardson Pierre

Partagez l'info
HTML tutorial

Laisser un commentaire

Bouton retour en haut de la page

En savoir plus sur LA QUESTION NEWS

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading