CULTURE

FESTIKAP: yon ti flanm si l vante ka bay yon boukan

Pou n Koumanse
Festikap ou Festival. Kisa l konn ye menm ? Se plis pase 10 lanne depi g on woumble ki toujou fèt sou tèt mòn kay Bouchwo. Kay Bouchwo, se yon zòn ki trouve l nan komin lavale, e ki chita nan depatman Sidès. Se la Evènman sa a konn dewoule chak 2 janvye nan lanjelis, kote w jwenn tout kalite moun. Yo sòti tout kote, se la tou ki gen posiblite pou w kwaze tout gwo chabrak k ap viv nan depatman an. E w konn jwenn tout tip moun,ak laj diferan tankou: ti moun, jenn fanm, jenn gason ak granmoun tout laj ki rete djougan, pou y ap defoule yo. Se toujou anpil anpil moun, yo toufe tankou yon ti rak bwa- pou m ta site Georges CASTERA, nan yon pwezi ki rele< pwèl fanm > menm Jan fransè yo ta rele l .Se aktivite sa a moun yo rele Festikap la. Men, kijan pwojè Festikap la te rive tabli nan kominote a? Kisa pwoblèm k ap ravaje Festikap la ye ? Kijan nou rive konprann pwoblèm Festikap la? Kijan nou ka retounen ak yon Festikap ki Festikap tout bon vre ? Se avèk keksyon sa yo nou pral eseye gade kouman nou ka konprann vakans Festikap 2022 a nan liy k ap anba yo. E n ap eseye manyen keksyon sa yo pwen pa pwen, pou n ka bay plis limyè sou pwoblèm Festikap la.

Kijan pwojè Festikap la te rive tabli ?


S on pwojè ki te manniganse ak 2 jenn gason, yo rele yo: M. Pascal ak P. Pierrot.Se 2 zanmi k ap viv lavale, se yo menm Ki t ap panse sou kouman pou yo ta mete yon aktivite kanpe pou valorize jwèt ki la depi lontan yo tankou: sote kòd, jwèt mab, jwe boul chosèt, voye kap anlè pou m ta site sa yo sèlman. Men, depi lè yo vin pale sa a, gen kèk ti grenn kap ki te vole anlè a vre. Men pwojè a pa t ko tabli jan yo te vle l la, ak sa moun yo t ap tann lan. Kòm pwovèb la di < dyòl cho mouri kite malfèktè > anpil moun ap bougonnen, men sa pa janm m rive pale. Sa vi n rann, menm si pwojè a echwe tout moun ret dyòl fèmen. Ki fè m konprann pi byen pawòl piman bouk sa a Kisa pwoblèm festikap la ye ?

Festikap se sèl kote, depi plis pase 10 lanne moun Lavale ak Jakmèl pa negosye. Chak 2 janvye avan bajou kase, zannana kou pengwen ap prese fè tout ti travay yo, anvan midi pou y al pran plezi yo, tout bagay moun k ap vi n nan Festikap yo toujou planifye. Depi nan premye janvye tout rad moun gen tan pase, tann pou y al defoule yo. Se pa nan tèks sa n ap konnen, dirijan Festikap pa janm respekte lè, paske gen anreta ak bliye lè. Se pa mwen k ap aprann nou tou, sa k rele lojistik la, jan Hegel ta di l: < exister sans exister> ki vin bay yon problèm politik, ki pa politik, men ki s on politik nan sans VILFREDO Pareto t ap di l, s on politik ideyalis(politique idéaliste). Ki pa etone m lè m wè s on group inivèsitè k ap dirije l, lè n konnen kijan inivèsite a an kriz sou bout zile sila a. K ap repwodui kriz nan kontèks ki nan kriz. Tankou kriz lokal Festikap, kriiz elit pou jere Festikap, kriz bidjè Festikap, kriz enpinite nan Festikap. Kisa k pa an kriz nan Festikap ? Yon bawon tankou Yves DORESTAL, ki se filozòf- t ap di < sèl kriz ki pa an kriz nan Festikap> E lè n ap founi je gade rapò dominasyon ki gen nan estaf k ap jere Festikap la bay sosyològ yo plis fòs pou esplike konpòtman seksis (sexiste) ki nan mitan nou. Pou m site the Gender trouble, Judith BUTLER ap tanmen rezoud la. M ap kontinye pou m di, pwoblèm Festikap la makonnen avèk pwoblèm Lavale a, pou m pa di pwoblèm depatman Sidès la;s on pwoblèm ki mete sou kote sa yo rele kapasite teknik lan, s on pwoblèm bale pou fè fimye ak sa k rele konpetans lan. Ki chita e k kwaze pat zago l andidan tout enstitisyon nan depatman an, men l fout plis nan Lavale. Tankou nan lekòl yo, nan lopital yo, si ta genyen Lavale, m p ap site tribinal, ka yo pi mal, m pa p twò fouye zo nan kalalou, paske Lavale s on do Chamo. Festikap ka toujou vin Festikap si toutfwa, ta g on elit k ap jere pwojè k ap brase nan lalwèt fanm ak nonm ki gen kapasite ak teknik pou jere bidjè Festikap la .E n ap kontinye poze keksyon pou n konprann e konnen, eske lameri ap chaje pou l fè festikap osnon OUVAP ap kontinye fè l ? E lè m vin tande se lameri ki konn pote chaj Festikap jiska 90% nan finansman, sa pouse m di Festikap fepoze sou bwa lameri.

Kijan kèk jenn inivèsitè Leta ak prive konprann Festikap la ?

Nan boukante koze ak kèk jenn fanm ak jenn gason ki nan inivèsite. M te rive dyaloge ak 12 nan yo, se te 7 fanm ak 5 gason ki te chwazi pataje sa yo konnen sou koze Festikap la avè m. Men se t on koze long ak anpil bèl pawòl ki ta sipoze pale sou tab ak nan radyo. G on jenn etidyan fanm ki UNASMOH, nan syans kontab, pou li menm Festikap s on festival kote jazz ak tout Dj vin banbile chak 2 janvye . Kote l di tou, li konn 3zè nan aprè midi se machann ak gwo baf yo ki la. Pou yon jenn gason, li menm ki INAGHEI, li di non Festikap la ta dwe chanje, paske pa gen aktivite ki valorize kap vre. E pa menm g on politik pou valorize jwèt lontan yo pandan sware bal sa yo. Gen yon lòt menm ki nan « Université Notre-Dame d’Haïti » (UNDH), li menm li pa t met dlo nan bouch li pou l te di, kleren ak bouzen l al chache lè l monte sou montay Bouchwo a. Gen yon nòmalyen, ki fè « École Normale Supérieure » (ENS), li menm ki li nan lèt fen, di m < il faut repenser le vrai sens du Festikap afin que le projet soit atteint > .Pou m foure zo nan kalalou, gen youn ki soti nan Fakilte Etnoloji (FE) ki s on machann, li di m : li konn wè gen kèk ti moun ak kap e k ap jwe ant yo vè 4 ou 5kè yo konsa . E n pa t sèlman pale de Festikap la, men l esplike m batay li rive fè pandan l t ap vann tou.Toujou, gen yon konnen nan rache dan ki te lekòl (UNAP), di m li t al 3fwa deja li pa wè anyen serye li pa tounen ankò. 2 nan rès yo sòti nan lekòl dwa Jakmèl la- yo di m s on aktivite ki dwe remanyen. 2 lòt ankò ki sòti UPSEJ ,s on sèl ki te pale li di li konn wè kèk kap anlè a. Yon lòt ankò soti « Notre-Dame » Pòtoprens. Ak yon dènye k ap etidye nan inivèsite « Quiskeya » di m sa k rele Festikap la? Li pa konn bagay kap la. Pawòl sa yo pèmèt mwen konprann depi nan baz Festikap te g on anòmali, Kòm se inivèsitè k ap jere jwèt la ak mal la, yo banalize l, yo vin fò nan jwe ak mal pou vin bay byen mal tankou Hannah Arendt ta di l: « la banalité du mal ». Ki vin rann Festikap grandi avèk anòmali a, ki vi n koz pèp Lavale a ak dirijan yo nòmalize anomali a pou m site non yon bawon pwofesè nan Fakilte Etnoloji, ki se sosyològ Alain GILLES, ta di s on anòmali nòmal (une anomalie Normale).

Lire aussi:  Twoup Pipirit fait danser les enfants à tous les rythmes.

Kouman nou ka retounen ak yon Festikap ki Festikap?


Tounen ak Festikap se ap yon pòt k ap ouvè byen laj sou Lavale, k ap pèmèt komin lan rive lwen sou ray devlopman sosyal ak kiltirèl. Festkap la vin yon patrimwàn kiltirèl pou Lavale. Si nou tanmen yon pwojè ak jenn nan komin lan k al lekòl e ki gen konpetans pou jere pwojè sa a, konsa n ap g on lokal, e n ap g on syèj ak biwo pou dirijan k ap jere pwojè sa a nan kominote a. Paske Akayè gen festival BIKINI, kot plaj, men festi Lamontay ap monte tou limen kou fèy tòl sou do kay nan koton. Kalite aktivite sa yo leve komin lan, e l bay jarèt ak jenn k ap evolye nan kanton an. Kounye a, nan ka pa nou an fòk nou met kran pou n di vakans 2022 se pa t ensekirite, se plis move gouvènans k ap bobo ak enkonpetans ki genyen nan metòd nou itilize pou n jere planifikasyon Festikap la. Yon aktivite depatemantal konsa, nòt la sòti li p ap fèt ankò 4jou anvan aktivite a. Lèt tounen sa rive anba je nou se kòmsi n te jwe 07 san revè, men 70 soti. Tankou profesè Jean Yves Blot ta di s on gwoup espesyalis nan . Kiyès ki konprann batay OUVAP ak meri Lavale a?

Sanble nan pwen moun ki ka esplike l. Paske OUVAP di koz ensekirite ak lajan p ap gen Festikap nan yon lèt ki te sòti 29 desanm, 30 desann nan lajounen, meri a di: 2 je m pete Festikap la ap fèt kanmenm. Tout sa yo moutre aklè pa gen inite vrèman pou jere pi gwo aktivite kiltirèl ki genyen nan depatman an, apre kanaval ak premye me. Kisa n ka fè san tèt ansanm? Lè nou pase anba pye moun ki gen konpetans nan komin lan. Poukisa n ap kouri pandan n pa konn chimen an? Mwen te vle fè n konnen, pa gen peyi san yon elit entèlektyèl, p ap ka g on bon Festikap si n ap kontinye krache sou moun ki gen konpetans nan lakilti, ekonomi ak sosyal. Fòk site a mennen pa moun ki gen konesans ak konpetans.

Boutofen, Festikap s on patrimwàn kiltirèl k ap valorize tout depatman an. Nou dwe goumen pou n kenbe l piwo. Fòk nou met tèt ansanm pou n ka byen menmen aktivite sa a. Konsa p ap gen polemik ant otorite lokal yo ak gwoupman inivèsitè a (bat bravo pou kouray yo). An gwo, refleksyon m nan pa foure dwèt nan je pèsonn, men l jis peze absè a pou l ka retire kalmason an. Festikap se mwen ak nou, paske nou se Lavale. Menn
Nou p ap bliye bèl ti chan Saint-Jean toubadou a t ap chante < Nathalie ,Géraldine,ap sere koko w , konnen Nathalie ,Géraldine pwal manje kaka> se te tout yon pwomosyon pou vann koko pou w ka manje E m te renmen tande promosyon toubadou a t ap fè pou fanm ki gen gran tou yo. Ki rann nou vin plis sou retire Lavale nan Festikap pou n fè festival, festi gouyad, ak festi bwa kale ki te avòte ane a. Frè m, sè m , zanmi m yo ann met tèt nou ansanm pou n leve depatman an. Ann ouvè pòt pou jenn k ap etidye yo patisipe, tankou: antwopològ, sosyològ, kontab, jesyonè, bòs ebeniz, ejenyè son, elatriye, pou n site sa yo sèlman. Nou se Lavale, nou kapab ann leve kanpe.
DIOP LA COLÈRE

Partagez l'info

Laisser un commentaire

Bouton retour en haut de la page

En savoir plus sur LA QUESTION NEWS

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading