SOCIETE

Nou nan kaka kouzen

Pandan m pral moutre m patriyòt, g on lòt k ap mande Bondye kilè pou l kite peyi sa. M pral eseye jwe wòl moralis, pandan ke pi gwo grapay la se mwen. Vini m pale w kouzen. Tanpri !

Manman m banm 250 goud li di m fè espageti pou nou senk nan kay la ,pandan m pa gen luil, chabon. Sèl mori ak magi ki genyen, sa k pi tris la se espageti Jeyan ki ka omwen f on bagay pou nou, grenn nan vann 125 goud. Kijan m ap fè fè l ? Pate kòde tounen liks Pou Malere, vyann tounen lò kounye a, se moun a kòb ki jere dosye sa. Mennaj mwen di m vin lakay li, podyab manmzèl ret Petyonvil, mwen m ret Dèlma, kote m ap jwenn 100 goud kous machin nan ?

M nan fakilte, m ap espere yon vye bous aprè lisans mwen, men domaj se mwayenn 7 oubyen 8 yo pral mande m, kijan m ap fè fè l Kouzen ? Kondisyon yo pa reyini pou sa. Jounen jodia, depi yon zòn pa gen yon gwoup nèg ak zam ladan l li pa eklere, tout kote se barikad, rache pye bwa met nan lari, kouzen ! si w ta wè jan medam yo ap ouvri pye yo byen laj pou pase sou bwa yo, li bay anvi ri men anmenmtan ou t ap sezi vye frè. Sa Tris kouzen ! Pa gen zòn de  » non droit » ankò, kounye a se tout peyi a ki pote non sila.

PM Nan pran tout moun nan pwason davril nan mwa oktòb, yo panse l ale, sila ki gentan pran lari, pete kout bal, men domaj premye minis-prezidan an kanpe pi rèd ke apredye. Èske w sonje ti reklam kòb transfè a kouzen ? Sa yo toujou pase sou Radjo Mega a ? Ebyen se konsa tout moun rezime tout diskou PM Ariel en rit yo. N ap mande kisa l vle di menm ? Ou menm ki pi gran pase m, èske se kè tout doktè ki di konsa kouzen ?
Yon Galon gaz ak 570 goud ki pral plimen nou nan ponp lè leta bay li, nèg k ap vann li atè a p ap menm met kapòt ak 3.500 goud l ap chavire l nan bout anba nou, yon enflasyon k ap bat laponyèt sou non nou, kijan n ap fè sove kouzen ?

Yon grenn balèn blan Pou 20 goud, yon bwat alimèt Pou 10 goud, yon balèn ble Pou 100 goud, m ap mande tèt mwen èske moun al kay ougan ankò ? Kijan moun k ap vann rad ak sandal yo fè vann ? Pou yon ti machann desann anba lavil, se anba kout rigwaz pou l pase, manifestasyon prèske chak jou, poutan pa gen anyen ki regle. Yon semèn gen sèt jou, men pa bò isit se twa jou ki fonksyone, se ti moman sa yo moun pwofite al labank, al nan mache, achte dlo met lakay yo, koz nan lendi, lari a p ap fouti bon, menm advantis pa chome jou samdi ankò non, tèlman bagay la pa dous. Anfen !!!

Bokit dlo basen vann 50 goud, kounya èske ti jèn ap ka benyen de fwa nan yon jounen ankò ? Galon trete a li menm se 100 goud pa bò lakay, kouzen ! moun pa bay moun ti gout dlo lakay yo ankò non, koz dlo se kokayin li tounen, èske n ap chape kouzen ? Menm medam Nan makrèl yo kouzen moute pri a sou ti mesye yo. Kounye a si w pa gen pou pi piti 300 goud ou p ap ka fonksyone ankò. Ti jèn yo lage nan paryaj Pam, pou yo ta f on ti monnen, men podyab, chak jou fich yo ap kankannen. Men yo gen kouraj wi kouzen ! Demen maten y ap fè yon lòt ti fich ankò. Menm ke y ap pèdi pi rèd pou dan griyen. Nou nan kaka kouzen.

Lire aussi:  Haïti/Protestation: L'étau se resserre autour du PM Ariel Henry pour qui, la journée a été terrible

Kouzen, nou paka manje, nou pa alèz, bandi ap tire ak lapolis chak jou, leta ak pèp la kanpe an BWA KALE, lwa pa danse nan tèt moun ankò, lesentespri pa moute moun ankò, ou ta di m wè tout pase lwen Ayiti, nou lage de bwa pandje, epi leta bezwen remèt peyi a bay etranje. Leta peyi m ap mande LONI ak Etazini, pèp la li menm l ap mande Larisi. Tèt nou tout fin pati ! Nou tout sou liy lanmò a n ap tann tou pa nou. Bawon mande padon paske pèp lan vin twòp nan men l, twòp moun mouri, li pa gen kote pou l kenbe kadav ankò. M espere bawon toujou kenbe w anfòm kouzen ?

Pou m pa bliye, demen m ap pase wè w tande ? M ap pot kafe pou ou, m tande se pou 20 goud poud kafe yo bay kounye a, m g on ti rès dlo trete lakay la, m pa bezwen achte sik, paske se kafe anmè ou ka bwè. Men… M poko wè 20 goud poud kafe a non !

Men mwen pwomèt ou sa, demen m ap pot kafe pou ou kèlkeswa fason an. Ala bagay ou t ap wè kouzen si je w te kale toujou ! men elas yo etenn souf ou paske w pat vle kenbe zam kou wè yo ! Tout sa k fèt g on rezon pou sa.

Kouzen m ale, tèt mwen ap fè m mal, nèg yo kòmanse tire, fòk mwen antre, si m pran tan m pou m pale de pwoblèm peyi sa kouzen, m genlè t ap tou al pèdi tèt mwen nan lanmè, ooo m bliye ! Ki lanmè ? Kote m t ap pase ? Nan Sid ? fòk m pase Matisan. Nan Nò ? Fòk m pase Kanaran oswa nan fyèf 400 mawozo. Oubyen m ta foure tèt mwen anba yon machin ? men pa gen machin nan lari a ke sa, m p ap fè sèman sou bal mawon, paske se chak jou moun ap pran bal tout koulè nan lari Pòtoprens. Piga se tèt mwen ki kòmanse cho non ? Antouka, lè lapli tonbe mwen va koule l, paske bokit dlo vann chè, m paka ap gaspiye l konsa konsa.

N a gentan wè kouzen, salye matant mwen ki te mouri nan masak Leta nan lasalin nan pou mwen svp, se pi ba a li antere. M byen sonje nou ! Ey !!! Yon dènye koze kouzen !

Nan youn nan vye rèv mwen yo, epa dat ou te di w t ap ban m yon boul bòlèt. M espere ou pa bliye vye frè w kouzen ?
Abibi 8/10/2022

Partagez l'info

Laisser un commentaire

Bouton retour en haut de la page

En savoir plus sur LA QUESTION NEWS

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading