POLITIQUE

« Matris Liberasyon : Degèpisman legal ak Rebelyon Nasyonal pou Libere peyi a ! »

Pòtoprens, 27 me 2021

Aprè 29 lanne gwo soufrans kalamite, move jesyon, trayizon, piyay ki travèse rejim makout Divalye yo, aprè pèp ayisyen an fin sèmante 29 mas 1987 pou kouri dèyè tout pratik boutdi ki pa bobo ak lespri demokrasi nan peyi a ; se avèk anpil lapèn Matris Liberasyon (ML) konstate nan 10 dènye lanne sa yo, peyi a touche bafon nan decheyans li a ak rejim payas PHTK a !

Konsa, depi 7 fevriye 2021, malgre Konstitisyon 1987 la nan atik 134-2 a konstate manda gouvènman defakto PHTK a rive nan bout li ; otorite ilegal sa yo vle antere peyi a  nan yon twou san fon ki lakòz machin diktati a pèdi fren nan yon wout sans inik kote se sèl rezistans popilè ki ka frennen l!

1- Nan chapit kòripsyon : 

− Rejim defakto a kontinye fè gagòt nan tout administrasyon piblik la, foure men byen fon nan kès leta pou fè lobèy moun sou moun nan inogirasyon yon kannal nan maryon. 

− Yo rale 20,000.000 milyon dola vèt kòb kontribiyab yo pou fè Krèy elektoral la. 

− Yo voye Gonzague Day ak malèt lajan nan peyi etazini pou al separe nan kanpay referandòm sankoutcha. 

2- Nan chapit Ensekirite, banditis deta :  

− Rejim Gang Galil la debloke yon mago lajan pou separe pa sak bay milis G9 pou fè yon ti trèv sou kidnapin nan lide pou kreye kondisyon pou maskarad REFERADÒM 27 jen an.

− Yon lòt kote rejim PHTK a ranfòse lapolilis la ak manm gang G9 ak gang galil pou kontinye fè masak ak represyon sou popilasyon an. 

3- Nan nivo Bras diplomatik : 

− Mafya PHTK yo desann eskanp figi peyi a byen ba nan anboche yon dal ti raketè politik nan mete yo nan tout konsila ak anbasad Ayiti sou rekòmandasyon kòmandman milis G9 ak Gang Galil.

about:blank

− Se premye fwa nan listwa peyi a, diplomasi a desann nan yon eta parèy. Sa ki pa fè lonè peyi a ak tout sa zansèt yo kite pou nou kòm eritaj.

Lire aussi:  Haïti-Insécurité : La multiplicité des légions illégalement armées s'ensuit de l'acquiescement et de la désinvolture du gouvernement Ariel Henry supporté par des malfrats nationaux et internationaux

4- Nan chapit degradasyon Sosyal : 

− Mizè mete majorite popilasyon an ajenou. 

− Pwodui premye nesesite ap monte bwa, goud la ap pran anpil souflèt nan men dola la.

− Pouvwa dacha popilasyon an ap diminye pandan salè ouvriye piblik kou prive pa ajiste. 

− San konte majorite moun nan popilasyon an ki pap leve ni lou ni lejè fas ak yon rejim defakto manfouben.

5- Nan Chapit Lasante : 

− Maskarad Kanaval kòripsyon Podepè a ekspoze popilasyon an fas ak viris pandemi kowona a ki te kòmanse retounen anfòs.

− Kowona ap fè dega nan peyi a kounye a, pandan rejim manfouben an se zafè koutay sou vaksen lawont l ap kalkile!

− Yo lage pèp Ayisyen an 2 bwa pandye devan dega Maladi a ap fè toupatou pandan Leta ensousyan an se Referandòm ki enterese l.

Apre tout konsta sa yo, Matris Liberasyon dekrete nan tout peyi a apati mwa Jen an, operasyon : DEGÈPISMAN LEGAL ak REBELYON NASYONAL pou sove Konstitisyon 1987 la anba grif makout woz yo !

MATRIS LIBERASYON kwè se sèl degèpisman Jovenel Moise nan palè a li pran an otaj depi 7 fevriye 2021 dèyè do atik 134 manman lwa peyi a, ak Dechoukay Pouvwa tèt Kale a, k ap fè peyi a rale yon souf toutbon. 

Pou operasyon degèpisman legal ak rebelyon kontitisyonèl la posib, Matris Liberasyon mande :

Pou tout fòs pwogresis ki nan sektè politik la ak nan sosyete sivil la, reyalize yon gwo konbit tèt ansanm  pou voye yon siyal lespwa pou bay mas yo ak tout pèp ayisyen ankadreman nesesè pou rive debarase peyi a ak pwazon PHTK a.

Matris Liberasyon rete kwè se nan batay moun pran konsyans pou kanpe yon sosyete ki granmoun tèt li !

 Communication ML 

matrisliberasyon33@gmail.comPòtoprens, 27 me 20

Partagez l'info

Laisser un commentaire

Bouton retour en haut de la page

En savoir plus sur LA QUESTION NEWS

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading