Ariel Henry yon mèsenè kreyòl ki pa diferan de lòt yo

MÈSENÈ KREYÒL
Tab raz
Tout mèsenè ap bay lide
Lide pou pati
Ak bonnanj yon nasyon
Yon nasyon k ap lite
Pou wè si l va twouve solisyon
Solisyon ak tout simagri
Tout dezagreman
Ki chita nan fenfon palè nasyonal
Laprimati pase akò
Tout mèsenè siyen
Sa k pa siyen
Se sa k mande ONA
Yo di l y ap ba l APN
Sa k pa siyen
Se sa k voye siyen pou yo
Sa k rete kwè gen kache toujou
Tab raz
Tout sijè debat
Se LAKASADEPAPÈL k ap jwe
Tout mèsenè gen abiman
Tout mèsenè gen sinon
Tout mèsenè gen wòl yo
Fizi yo se dwèt yo
Djòl yo
Alkolit yo
Fizi yo disètlongè
Grenn katouch yo alapòte
Yo san patipri
San patiraj
San patizan
Mèsenè makiye
Ak chemiz wayabèl
Pou bouche nati fantóm li
Anndan vilaj
Bandi parèt a klè
Ak kagoul epi gwo zam
Anndan palè
Bandi pot tit doktè
Mèsenè se SDP
Sistèm dan pouri
Ak pil alyans komokyèl li yo
Mèsenè yo
Se sila ki te fè n konprann
Lavni n se dèyè barikad li ye
Poutan lavni pa yo
Devan labrigad
Apre tout jou enpòtan
Jou lekòl, jou travay
Jou mache
Ti pèp la pèdi
Mèsenè ki t ap di anatèm
Leve men di alelouya
Pou chak kout plim
Ki tonbe sou fèy akò
Mèsenè se sila yo
K ap fè pèp la batay pou yo
Pandan yo p ap batay pou pèp la
Mèsenè se sila
K ap moblize n pou lari
Epi tranblemanntè pase
Ki pa ka pote yon lèy
Sou viktim yo
Mèsenè yo
Se fanmi demagoji
Aloufa pouvwa rabi
Akò san kè
San konsyans
Mèsenè se sila
K ap louvri bouch tiye
Epi k ap louvri bouch pou di adye
Tab raz
Akò siyen
Sou do ti pèp
Mèsenè plen pòch
Mèsenè plen bòl
Mèsenè plen djòl
Yon dal mèsenè kreyòl
MMK-NOUKASOURIANKÒ