POLITIQUE

Diskou Premye Minis, Ariel Henry, 7 fevriye 2024

Ayisyen, Ayisyèn,
Sitwayen, Sitwayèn,
Sem Ak Frem Yo
Bonswa,
Mwen Vi-N Pale Ak Nou Jodi A Poum Voye Yon Mesaj Kle Bay Tout Moun Kap Viv Nan Peyi A, Kit Yo Se Ayisyen, Kit Yo Se Etranje. Mesaj Sa A Konsene Tou Fre-N Ak Se-N Yo Kap Viv Lot Bo Dlo Tou.

Nap Eksprime Senpati Nou Pou Tout Moun Ki Viktim Mouvman Vyolans Nan Jou Ki Sot Pase La Yo.

Mwen Kwe Le A Rive, Pou Nou Tout Pran Desizyon Pou Nou Mete Tet Nou Ansanm Tout Bon Vre, Pou Nou Sove Ayiti, Pou Nou Fe Bagay Yo Yon Lot Jan. Nan Peyi Nou An, Li Pa Toujou Fasil Pou Rasanble Moun Pou Fe Bon Bagay, Pou Konstwi Ansanm, Pou Sekle, Pou Plante.

Mobilize Moun Pou Fe Tet Ansanm Mande Anpil Volonte Anpil Deteminasyon. Epoutan Sel Solusyon Pou Nou Rive Retire Peyi A Nan Katchoubombe Li Ye A, Se Antan-N Pou-N Antan-N Nou, Pou Nou Fe Tet Ansanm Lan Nan Mitan Tout Ayisyen Otantik Ki Gen Bo-N Volonte.
Mwen Vle Pwofite Dat Senbolik 7 Fevriye A Ki Reprezante Pou Tout Ayisyen, Yon Jou Delivrans, Yon Jou Liberasyon, Pou Mwen Mande Tout Je-N Fanm, Je-N Gason, E Sa Ki Mwen Je-N Yo Tou, Ki Sa Nou Vle Fe Ak Ayiti ?

Mwen Ak Tout Gouvenman An, Nou Konnen E Nou Di Sa Nou Vle E Ki Kote Nou Vle Mennen Peyi A Nakenn Jou Ak Nan Mwa Kap Vini La Yo. Se Nan Sekurite, Se Nan Eleksyon, Se Nan Fonksyonman Demokratik Jan Konstitusyon An Prevwa Sa.

An 1987 Pep Ayisyen Te Pran Pozisyon Kle E Li Chwazi Demokrasi Kom Sistem Politik Pou Mete Dirijan Nan Tet Peyi A. Akte Politik Yo, Manb Sosyete Sivil Yo, Militan Oganizasyon Popule Yo, Moun Sekte Prive Yo, Peyizan Yo, Manb Sendika Yo, Le A Rive Pou Nou Ofri Peyi A, Pou Nou Ofri Jen Jenerasyon Yo, Yon Lot Avni.

Mwen Ta Renmen Tout Konpatriyot Mwen Yo, Isit Tankou Lot Bo Dlo Konprann Sa, Travay Prensipal Yon Gouvebman Tranzisyon, Se Kreye Kondisyon Pou Oganize Eleksyon, Pou Rebay Pep Ayisyen Dwa Granmoun Li Pou-L Chwazi An Tout Libete, Fanm Ak Gason Li Vle Remet Direksyon Peyi A Nan Tout Nivo. Yon Tranzisyon Pa Ka Debouche Sou Yon Lot Tranzisyon.

Frem Yo, Sem Yo,
Map Di Nou Yon Bagay, Fok Nou Pa Twonpe Nou Dadverse. Adverse Pep Aysyen, Se Pa Lapolis Kap Travay San Pran Souf Pou Kwape Ensekurite. Adverse Pep Ayisyen, Se Pa Gouvenman An, Kap Fe Tout Sa Li Kapab Pou Bay Fos Sekirite Nou Yo Plis Mwayen, Plis Ekipman Pou Regle Sa Ki Pwoblem Nimewo 1 Nou Tout Jodi A, Ki Se Ensekirite.
Tout Moun Ki Refize Dinamik Ki Pou Mennen Nou Nan Chimen Eleksyon, Tout Moun Ki Deside Se Nan Vyolans, Nan Kraze Brize, Nan Touye Moun, Pou Yo Pran Pouvwa, Se Pa Nan Entere Pep Ayisyen Yap Travay.

Lire aussi:  Ariel Henry et ses Parachutés désespérés prennent le Pouvoir en Otage et assassinent les masses avec des mesures criminelles

Mezanmi, Pep Ayisyen Bezwen La Pe, Pep Ayisyen Bezwen Sekurite, Pep Ayisyen Bezwen Travay, Pep Ayisyen Bezwen Sikule Lib E Libe Nan Tout Peyi A Pou Al Regle Zafe-L, Pep Ayisyen Bezwen Pou Pitit Li Al Lekol San Ke Sote, Paske Se Sa Kap Garanti Yo Yon Avni.
Che Konpatriyot
Depi Pwoblem Ensekurite A Komanse Regle, We Pa We, Nap Lanse Pwosesus Elektoral La, Pou Nou Remet Pouvwa A Bay Dirijan Pep Ayisyen Ap Gen Poul Chwazi Nan Bon Jan Eleksyon.

Depi Jou Mwen Rantre Kom Premye Minis Mwen Komanse Pale Ak Tout Moun, Pati Politik, Sekte Prive, Sosyete Sivil, Oganizasyon Popule. Mwen Te Toujou Vle E Map Kontinye Cheche Rekonsilye Tout Ayisyen Ki Vle Peyi Nou An Vanse. Mwen Toujou Angaje Nan Yon Demach Enkluzyon. Mwen Pa Nan Ekskluzyon, Paske Ayiti Bezwen Tout Pitit Bo-N Volonte Li Yo, Kit Se Sa Ki Isit, Kit Se Sa Ki Lot Bo Dlo, Pou Nou Fe Yon Gwo Kombit Pou Soti Peyi A Nan Malsite.

Frem, Sem
Gouvenman An Te Mande Peyi Zanmi Nou Yo Pou Yo Vi-N Bay Fos Sekirite Nou Yo Yon Bourad Pou Konbat Gang E Fini Ak Fenomen Ensekurite A. Peyi Kenya Aksepte Pran Tet Mss La. Mwen Vle Rasure Tout Moun, Gouvenman An Ap Fe Tout Sa Li Kapab Pou Mss La Vini Rapidman. Men Annatandan, Nap Fe Anpil Efo Pou Nou Ranfose Kapasite Entevansyon Tout Fos Sekurite Legal Nou Yo. Nou Gen Pou Nou We Rezulta Yo.

Map Pwofite Remesye Tout Fos De Lod Nou Yo, Pou Pwofesyonalism Yo, Pou San Fwa Yo, Pou Kouraj Yo, Nan Travay Yap Fe Lan Nwuit Kou La Jounen, Pou Bay Populasyon An Sekirite. Gouvenman An Fe Anpil Jefo Pou Bay Yo Plis Mwayen Plis Ekipman. Map Felsite Yo, E Di Yo, Pep Ayisyen An Konte Sou Yo. Yo Bay Prev Ke Nou Gen Kapasite Pou Nou Bay Rezulta, E Nou Pral Kontinye Travay Nan Sans Sa A.

Mwen Vle Voye Yon Gwo Kout Chapo Pou Majorite Lajman Laj Pep Ayisyen An Pou Maturite Li, E Pou Sajes Li, Paske Li Pa Kite Peso-N Vire Loloj Li. Map Felisite Tou Tout Responsab Politik Ki Chwazi Pou Yo Pa Rantre Nan Mouvman Vyolans Lan. Depi Demen Nap Kontinye Dyaloge Ak Yo, Ak Sosyete Sivil La E Ak Sekte Prive A Pou Nou Pran Ansanm Tout Desizyon Kap Pemet Nou Soti Tout Bon Nan Kriz La.

Map Fini Poum Di Tout Moun Okay, Jeremi, Wanament, Gonaives Tigoav, Mirebalais, Potoprens, Gade Kalm Yo. Gouvenman Ak Tout Fos Sekurite Nou Yo, Ap Travay Pou Akitivite Yo Ka Reprann Nomalman. Mwen Ban Ou Asurans Pep Ayisyen Ap Fini Pa Jwen La Pe, Devlopman Ak Pwosperite.
Ansanm, Men Dan Lamen Nap Chanje Desten Nou.
Ke Bondye Beni Pèp Ayisyen E Beni Ayiti.

Mesi

Partagez l'info

Laisser un commentaire

Bouton retour en haut de la page

En savoir plus sur LA QUESTION NEWS

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading