EDUCATION

Avi Pou Etidyan Inivèsite Leta Ayiti (ILA)

Objè: Konkou tradiksyon ak deklamasyon « Ak lendepandans peyi d Ayiti ansanm ak Diskou Dessalines nan »

Pou selebre desan ventyèm (220yèm) lane lendepandans peyi d Ayiti jou k ap 1ye janvye 2024 la ak Jounen Entènasyonal Lang Matènèl la 21 fevriye 2024 la, Rektora Inivèsite Leta a lanse yon konkou tradiksyon ak deklamasyon « Ak lendepandans peyi a ansanm ak Diskou Dessalines nan ». Tradiksyon tèks yo ap fèt nan lang kreyòl ayisyen an epi konkou sila a ap òganize sou lobedyans Direksyon Vi Etidyan (DVE) ak Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA). Ven (20) etidyan ki gen pi bon tradiksyon yo ap gen pou pwononse diskou a epi li Ak lendepandans lan devan yon jiri ki ap konpoze ak manm Inivèsite Leta Ayiti ak manm Akademi Kreyòl Ayisyen.

Gran final konkou sa a ap fèt jou k ap 21 fevriye 2024 la.

  • 1ye pri : laptòp + yon lo 20 liv + meday;
  • 2yèm pri:laptòp + yon lo 15 liv+ meday;
  • 3yèm pri: laptòp + yon lo 10 liv + meday;
  • 4yèm pri : yon lo 10 liv + meday;
  • 5yèm pri: yon lo 10 liv + meday.
Lire aussi:  Haïti/Société : La FACCH lance la deuxième édition de son concours de textes, des primes alléchantes à gagner

Dat limit pou etidyan yo remèt tradiksyon tèks yo nan dekana fakilte yo se jou k ap vandredi 19 janvye 2024 la.

Direksyon Vi Etidyan nan ILA a swete tout etidyan bon patisipasyon.

INITE KOMINIKASYON ILA

Partagez l'info

Laisser un commentaire

Bouton retour en haut de la page

En savoir plus sur LA QUESTION NEWS

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading