CULTURE

ATYABA ! ATYABA ! ATYABA !
TWA FÈY, TWA RASIN, TWA GOUT DLO
DELIVRANS POU AYITI 

Map tanmen pou m di, mwen vle danse yanvalou ak petwo nan poto mitan an nan lide pou ranmèsye papa ogou asanm ak tout lòt fòs nan vodou a ki toujou ride m janbe tout kalte kalfou difisil sou ti bout tè Ayiti a. Map pwofite voye yon gwo kout chapo pou tout ayisyen, frè m ak sè m yo,  ki pa janm sispann kenbe diyite yo byen wo tankou asòtò nan gran lakou bitasyon. Alòs, pa gen okenn majò dyòl ki ka fè m met dlo nan bouch. Pèsonn pap ka bafwe m ni banm aticho pou bese tansyon m pou m pa pale sou zak baboulou yon pakèt bakonyè ap fè sou peyi m. 

Jounen jodi a, 27 dawout 2023, fè peyi a de(2) lane ak yon mwa depi yon gwoup apòy pran tèt peyi a san dizon ni kontantman pèp ayisyen an. Nèg ak nègès sa yo se yon ekip babyadò, esklav mantal kap mache moute desann ak gwo blouzou, kòl ak arètkòl. Yo tèlman bòzò, yo ret kwè yo se badyo pitit peyi a. 
Se depi bajoukase pou nou koumanse rele chalbare dèyè piyajè sa yo, paske si n pa fougounnen yo, zatouyèt yo avidèy, pita ap pi tris…
Asètsèzè, nou mèt kwè m nan sa, minis/prezidan Ariel Henry gen yon sèl pwojè ki se fè mannigans pou l kenbe pouvwa jouk 2025 pou l òganize eleksyon, yon mannyè pou l ka jui senk(5) lane tan prezidansyèl la. Kidonk si n abandonen dinamik refleksyon pwogresis yo ak pratik mobilizasyon nan foule beton an, ti Henry ap ri n epi l ap kontinye fann peyi a anmiyèt moso. 
Bon adjewidan ! Kouman pou n ta fè konprann Ariel Henry gen non l tranpe nan lo kriminèl, eskamòtè, malfèktè ki ansasinen prezidan Jovenel MOÏSE la, epi pou n ta panse l pral tabli sekirite nan peyi a. Sanble n pèdi lèy ! Se san wi li konn bwè…

 » chalè manzè Rosa mete dife nan pye piman  » langay kreyòl sa bije fè m sonje manzè Rosemila nan Akayè ki te tounen wosiyòl nan chante delivrans pou wete Ayiti anba soufrans PHTK, jodi a se menm fèzè sa ak vwa l anwe, bouch plen dlo kap lave koulout Ariel chak aswè pou mete ladousè nan tèt jwisè a. Mwen ta ka lonje dwèt sou lòt toujou wi, tankou : « malere pa nan fèt », avoka trèt la, men mwen pito di yo pa bliye « nan grennen mayi a nap konte bougon an kanmenm « . 

Lire aussi:  Daniel Marcelin, un activiste culturel qui résiste malgré tout

Kilè nap sipann abimen lespri n nan fè chwa militans sou konpetans ? Kilè nap sispann trennen diyite n ak fyète n nan bo makomè dyòl pyan pou bèl fiyòl ? Kilè nap sispann di anmankan krab, zandolit se vyann ? Kilè nap sispann di pito nou lèd nou la ? Tèlman n vle valorize reziyasyon sou detèminasyon. Mwen vle fouye zo nan kalalou, wi fouye zo nan kalalou ! Pou m konnen si se nan batistè peyi a bagay sa yo te ekri. Alèkile ann sipann founije gade yo, ann lonje dwèt sou yo pito, ann lonje men pran yo, ann fout yo deyò pou n fè sa yo pa vle fè. Lè m di fout yo deyò a se pa tankou zòt konn fè a non :  » zafè wete pye w banm met pa m pou m ka pran pa m lan « . Men se pito wete pye w bann mete pye pa nou pou Ayiti nou an.

Menm janm kwè nan 21 nanchon an, menm janm kwè nan fanm nwa a ki se mètrès tout nèg ak nègès, se menm jan an mwen kwè nan delivrans peyi Ayiti. Tou tan gen dlo, van ak dife, toutan pye bwa kapab kontre lèswa pou pataje enèji, toutan lonbrik ap tere nan rasin pye bwa mapou, se konsa m kwè  chanjman an la. Menm twa wòch dife nan boukan feray la, menm twa wòch dife kap bouyi chak jou babako pou lwa yo, se menm yo menm lan ki pral tounen twa gwo zouti pou fè pwogrè Ayiti a.  Twa zouti sa yo se : Vodou, lasyans ak lespri endepandans. 

Viv Vodou ! Viv lasyans ! Viv lendepandans ! 
Ayiti libere…
Ayibobo Ayibobo Ayibobo !

Pierre Holydson BAPTISTE, le Fils du Saint.

Partagez l'info

Laisser un commentaire

Bouton retour en haut de la page

En savoir plus sur LA QUESTION NEWS

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading